Ezra 4:12
Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:1Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Ezra 4:15pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.
Ezra 5:3Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l'?
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Psalms 48:1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Jeremiah 52:3Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l'. Sedesyas te pran lezam kont Nèbikadneza, wa Babilòn lan.