Isaiah 65:13
Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 34:10(034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
Proverbs 13:25Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.
Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
Isaiah 61:7Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.
Isaiah 66:14Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.
Malachi 3:18Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.