Exodus 18:23
Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Moyiz koute konsèy bòpè l' la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l' fè yo.
Cross References
Genesis 21:10Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
Exodus 16:29Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò.
1 Samuel 8:6Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
2 Samuel 18:3Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (010.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.
2 Samuel 21:17Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou.
Galatians 2:2Kifè m' te moute a, se paske Bondye te fè m' konnen pou m' te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen.