Exodus 23:25
Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
Deuteronomy 7:15Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.
Deuteronomy 10:20Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fè sèman.
Deuteronomy 13:4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.
Joshua 22:5Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Joshua 24:21Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi!