Numbers 13:27
Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Exodus 13:5Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.
Leviticus 20:24Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
Numbers 14:8Si Seyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Numbers 16:14Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini.
Deuteronomy 6:3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.