Exodus 32:16
Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo.
Bib La
In The King James Version
And the tables were the work of God, and the writing was the writing of God, graven upon the tables.
In Context
Cross References
Exodus 34:1Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo.
Deuteronomy 9:9Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.
Deuteronomy 10:1Apre sa, Seyè a te di m': Taye de wòch plat tankou de premye yo. Fè yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan.
2 Corinthians 3:3Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.
Hebrews 8:10Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.