Exodus 37:17
Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò.
Cross References
Exodus 25:31W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.
Leviticus 24:4Arawon va pran swen tout ti lanp ki sou gwo lanp sèt branch an lò a. L'a veye pou yo toujou rete limen devan Seyè a.
2 Chronicles 13:11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.
Zechariah 4:11Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?
John 1:4Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
Hebrews 9:2Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.