Exodus 39:30
Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Yo mare l' ak yon ti kòdon ble anwo nèt sou devan mouchwa tèt la, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Cross References
Exodus 28:36W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a.
1 Corinthians 1:30Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.
Titus 2:14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
Hebrews 7:26Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.