The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 20 › Ezekiel 20:39

Ezekiel 20:39

Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo.

Bib La

In The King James Version

As for you, O house of Israel, thus saith the Lord GOD; Go ye, serve ye every one his idols, and hereafter also, if ye will not hearken unto me: but pollute ye my holy name no more with your gifts, and with your idols.

In Context

38M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

40Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.

Read all of Ezekiel 20

Cross References

Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

2 Kings 3:13Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.

Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.

Isaiah 66:3Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.

Jeremiah 44:25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la.

Ezekiel 23:37Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 20:39

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 20:38Ezekiel 20Ezekiel 20:40 →