Ezekiel 14:13
-Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Cross References
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Isaiah 3:1Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 32:43W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l'. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò.
Lamentations 1:8Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.
Lamentations 4:9Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.