Lamentations 1:8
Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
1 Kings 9:6Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,
1 Kings 9:9y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye malè sa a sou yo.
Isaiah 59:2Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
Jeremiah 6:28Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.
Jeremiah 13:26Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.