Lamentations 4:9
Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Jeremiah 16:4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Ezekiel 7:15Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.
Ezekiel 33:10Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!