Ezekiel 21:27
Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 24:19Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.
Psalms 72:7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 32:24Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.
Jeremiah 33:21Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase.
Jeremiah 52:4Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt.