Ezekiel 21:26
Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
2 Kings 25:27Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.
Psalms 113:7Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
Jeremiah 13:18Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.
Jeremiah 52:9Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.
Lamentations 5:16Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.