Ezekiel 23:39
Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 21:4Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 33:4Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan.
Jeremiah 7:8Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.
Jeremiah 23:11Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
Ezekiel 23:38Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo.
Micah 3:11Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!