Jeremiah 7:8
Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.
Bib La
In The King James Version
Behold, ye trust in lying words, that cannot profit.
In Context
7Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.
Cross References
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Jeremiah 4:10Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.
Jeremiah 7:4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.
Jeremiah 13:25Seyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m', nou t' al mete konfyans nou nan fo bondye.
Jeremiah 23:14Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Jeremiah 23:32Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.