Ezekiel 26:14
Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
13M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò.
Cross References
Deuteronomy 13:16N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.
Job 40:8Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?
Ezekiel 5:13M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.
Ezekiel 5:17M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.
Ezekiel 21:32Dife pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pesonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.
Ezekiel 26:4Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y'ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale. M'ap kite wòch yo griyen konsa.