The Bible Software
bible.software › Ezekiel › Ezekiel 5 › Ezekiel 5:13

Ezekiel 5:13

M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.

Bib La

In The King James Version

Thus shall mine anger be accomplished, and I will cause my fury to rest upon them, and I will be comforted: and they shall know that I the LORD have spoken it in my zeal, when I have accomplished my fury in them.

In Context

12Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.

14M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a.

Read all of Ezekiel 5

Cross References

Deuteronomy 28:63Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.

Isaiah 1:21Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!

Isaiah 9:7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!

Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.

Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.

Lamentations 4:22Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezekiel 5:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezekiel 5:12Ezekiel 5Ezekiel 5:14 →