Ezekiel 26:15
Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 49:21Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo.
Ezekiel 27:28Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble.
Ezekiel 31:16Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.
Hebrews 12:26Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.