Ezekiel 39:27
M'ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 5:16Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.
Ezekiel 28:25Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan.
Ezekiel 37:21Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.
Ezekiel 38:23Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.
Ezekiel 39:25Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.