Ezra 5:2
Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 1:8Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a.
Ezra 3:8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Haggai 1:12Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.
Haggai 2:4Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
Zechariah 3:1Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Zechariah 4:4Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye?