Haggai 1:12
Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:12Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
Ezra 5:2Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Isaiah 50:10Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!
Haggai 1:1Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:
Haggai 2:2Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo: