Ezra 7:28
Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Ezra 5:5Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.
Ezra 7:9Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye.
Ezra 8:15Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.
Ezra 9:9Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm.
Nehemiah 2:8Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.