Genesis 40:20
Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'.
Cross References
Genesis 40:13Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a.
1 Kings 3:15Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan.
Esther 1:3Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.
Matthew 14:6Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.
Matthew 25:19Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.
Luke 16:1Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo.