Genesis 43:30
Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
Cross References
Genesis 42:24Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.
Genesis 45:14Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.
1 Kings 3:26Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen.
Hosea 11:8Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.
Acts 20:19Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.
Acts 20:37Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou!