Habakkuk 3:17
Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
Bib La
In The King James Version
In Context
18mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.
Cross References
Deuteronomy 28:30N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
Jeremiah 5:17Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.
Joel 1:10Tout jaden yo blanch. Tè a nan lapenn. Tout pye ble yo fin mouri. Pye rezen yo cheche. Pye oliv yo rabougri.
Amos 4:6Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Malachi 3:11Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.