The Bible Software
bible.software › Malachi › Malachi 3 › Malachi 3:11

Malachi 3:11

Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Bib La

In The King James Version

And I will rebuke the devourer for your sakes, and he shall not destroy the fruits of your ground; neither shall your vine cast her fruit before the time in the field, saith the LORD of hosts.

In Context

10Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.

12Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Read all of Malachi 3

Cross References

Jeremiah 8:13Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo.

Joel 1:7Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan.

Joel 2:20Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.

Amos 4:9Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.

Habakkuk 3:17Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,

Zechariah 8:12Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Malachi 3:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Malachi 3:10Malachi 3Malachi 3:12 →