The Bible Software
bible.software › Haggai › Haggai 1 › Haggai 1:11

Haggai 1:11

Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.

Bib La

In The King James Version

And I called for a drought upon the land, and upon the mountains, and upon the corn, and upon the new wine, and upon the oil, and upon that which the ground bringeth forth, and upon men, and upon cattle, and upon all the labour of the hands.

In Context

10Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.

12Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.

Read all of Haggai 1

Cross References

Deuteronomy 28:22L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.

2 Kings 8:1Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.

Lamentations 1:21Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.

Amos 7:4Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.

Haggai 2:17Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Haggai 1:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Haggai 1:10Haggai 1Haggai 1:12 →