Haggai 1:9
Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.
Cross References
Deuteronomy 28:38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
Psalms 77:5(077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.
Isaiah 5:10Jaden rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y'a rekòlte yon sèl mamit.
Isaiah 40:7Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!