Haggai 1:8
Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a!
Cross References
Exodus 29:43Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.
1 Chronicles 22:19Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.
2 Chronicles 7:16Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.
Ezra 6:4Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.
Psalms 132:13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Isaiah 60:13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.