The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 10 › Hebrews 10:11

Hebrews 10:11

Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.

Bib La

In The King James Version

And every priest standeth daily ministering and offering oftentimes the same sacrifices, which can never take away sins:

In Context

10Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini.

12Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.

Read all of Hebrews 10

Cross References

Exodus 29:38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.

Numbers 28:24Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la.

Psalms 50:8Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.

Ezekiel 45:4Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.

Daniel 9:21Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.

Daniel 11:31L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 10:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 10:10Hebrews 10Hebrews 10:12 →