Hebrews 11:3
Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Isaiah 40:26Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
Jeremiah 10:16Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.
Acts 14:15Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
Romans 1:19Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.
Hebrews 1:2Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.