Hebrews 12:27
Lè li di yon lòt fwa li fè nou konprann lè sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 102:26(0102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
Matthew 24:35Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
2 Peter 3:10Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann.
Revelation 21:1Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò.