Hebrews 12:5
Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.
6Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.
Cross References
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
2 Samuel 6:7Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
1 Chronicles 15:12Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Psalms 94:12Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,
Psalms 119:16Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.