Colossians 3:1
Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
Cross References
Psalms 17:14Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Matthew 6:20Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.
Matthew 22:44Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.
Mark 12:36Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l' di l'): Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Mark 16:19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.