Hebrews 2:3
Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 20:6Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?
Isaiah 51:8Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.
Ezekiel 17:15Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.
Matthew 4:17Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Mark 1:14Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.
Luke 1:2Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.