The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 8 › Hebrews 8:10

Hebrews 8:10

Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

Bib La

In The King James Version

For this is the covenant that I will make with the house of Israel after those days, saith the Lord; I will put my laws into their mind, and write them in their hearts: and I will be to them a God, and they shall be to me a people:

In Context

9Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.

11Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.

Read all of Hebrews 8

Cross References

Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.

Exodus 24:7Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'.

Exodus 34:27Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.

Song of Solomon 2:16Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo.

Jeremiah 31:1Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.

Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 8:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 8:9Hebrews 8Hebrews 8:11 →