Hosea 10:14
Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
2 Kings 18:33Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
Isaiah 13:16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
Isaiah 22:1Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?
Jeremiah 13:14Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.
Hosea 13:16Peyi Samari a pral peye pou sa l' fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y'ap pran pitit yo, y'ap kraze yo atè, y'ap fann vant fanm ansent yo.