Jeremiah 13:14
Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!
Cross References
Judges 7:20Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!
2 Chronicles 20:23Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.
Isaiah 9:20Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!
Jeremiah 6:21Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou.
Jeremiah 16:5Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.
Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.