Hosea 10:2
Yo pa t' sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou?
Cross References
Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.
1 Samuel 5:4Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.
Proverbs 11:18Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
Jeremiah 43:13L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Hosea 7:8Moun Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo.
Hosea 10:5Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.