Hosea 10:5
Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:2Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.
1 Samuel 4:21Li rele ti gason an Ikabòd, epi li di: -Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a.
2 Kings 10:29Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann.
2 Kings 23:5Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.
2 Chronicles 13:8Koulye a, nou fè lide vin kraze otorite Seyè a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf an lò Jewoboram te fè pou sèvi nou bondye a.
Hosea 5:8Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.