Hosea 4:11
Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
Bib La
In The King James Version
Whoredom and wine and new wine take away the heart.
In Context
Cross References
Proverbs 6:32Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.
Proverbs 23:27Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.
Isaiah 5:12Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l'ap fè a.
Jeremiah 23:13Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m' plezi. Y'ap bay mesaj nan non Baal. Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l'.
Hosea 5:4Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.