Hosea 6:10
Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:8Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy.
2 Kings 17:7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.
Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Jeremiah 18:13Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!
Ezekiel 23:5Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo.
Hosea 4:12Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!