Hosea 6:9
Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye.
Cross References
1 Kings 12:25Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.
Job 1:15lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.
Jeremiah 7:9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.
Ezekiel 22:9Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.
Hosea 5:1Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.
Hosea 7:1Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.