Hosea 8:13
Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Seyè a, se pa sa ki fè m' plezi. Koulye a mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:34Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
Jeremiah 14:10Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.
Hosea 5:6Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.
Hosea 7:2Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.