Hosea 9:6
Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive?
Cross References
Deuteronomy 28:63Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.
2 Kings 13:7Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (010.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè.
Proverbs 24:31Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.
Isaiah 7:23Jou sa a, kote ki te gen mil (01.000) pye rezen, epi ki te vo mil (01.000) pyès an ajan va plen pikan ak raje.
Isaiah 19:13Chèf lavil Zoan ak chèf lavil Menmfis yo, se yon bann moun sòt! Yo kite moun ap twonpe yo! Yo te la pou mennen peyi Lejip sou bon chemen. Yo lage l' nan bwa.
Isaiah 32:13Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a.