Isaiah 10:34
L'ap koupe yo tankou lè y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bèl pyebwa ki sou mòn Liban yo pral kouche plat atè!
Bib La
In The King James Version
And he shall cut down the thickets of the forest with iron, and Lebanon shall fall by a mighty one.
In Context
Cross References
Psalms 103:20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!
Isaiah 31:8Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.
Isaiah 37:36Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Jeremiah 46:22Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa.
Daniel 4:13Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo.
Nahum 1:12Men sa Seyè a di pèp li a: -Moun peyi Lasiri yo te mèt anpil, yo te mèt gwonèg, y'ap mouri, y'ap disparèt. Mwen te fè nou soufri. Men, mwen p'ap fè nou sa ankò!