Isaiah 12:4
Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
Cross References
Exodus 15:2Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Exodus 34:5Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a.
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 9:11(09:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
Psalms 21:13(021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
Psalms 34:3(034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!