Isaiah 16:12
Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.
13Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la.
Cross References
Numbers 22:41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
Numbers 23:28Balak mennen Balaram sou tèt mòn Peyò a. Antan yo la, yo dekouvri tout dezè a nan pye yo.
1 Kings 11:7Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.
2 Kings 3:27Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.
2 Kings 19:16Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
Proverbs 1:28le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.