Isaiah 16:4
Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 24:14Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo.
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!
Isaiah 25:10Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.
Isaiah 51:13Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?
Jeremiah 48:8Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Zechariah 9:8Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.